Ayiti, doub dèt endependans lan

kr

Atik sa a disponib nan kat lang: franse, kreyòl, angle, ak panyòl.

Nan yon lane jou pou jou, sa pral fè 200 zan depi Baron de Mackau, mesaje Wa peyi Lafrans, ta pral pote bay Prezidan peyi d Ayiti nan epὸk lan, Jean-Pierre Boyer, Òdonans Charles X la nan dat 17 avril 1825.

Se yon devwa pou nou, Ayisyèn ak Ayisyen, pou nou tounen reflechi sou evènman sila ki make listwa peyi nou. Li nesesè pou nou menm ki la nou byen konprann sa ki te pase nan moman istorik sa epi transmèt jenerasyon k ap vini yo. Gade sitou zak istorik yo, jan yo te pase.

Lafrans pèdi koloni l ki te pi rich la nan boulvèsman ki te genyen nan finisman dizwityèm syèk la, li pa rive retabli lesklavaj, lame endijèn nan bat lame Napoléon an, Ayiti deklare Endepandans li kòm premye epi sèl peyi ansyen esklav nwa ak kèk afranchi kreye, ansanm evènman sa yo, ki fèt nan yon tan tou kout, te inaseptab pou Lafrans ak tout lὸt gwo puisans ewopeyen yo ki te toujou angaje nan trafik esklav ak esklavaj.

Pandan 21 lane, Lafrans chache apui peyi Lespay, Angletè, ak Etazini pou wè kijan li te kapab repran kontwòl ansyen koloni li an. Devan echèk demach li yo, li chwazi enpoze peyi d Ayiti yon òdonans kote li ekri : « Nou konsede, nan kondisyon sa yo… bay abitan aktyèl pati fransèz Sendomeng lan, lendepandans total gouvènman yo. » Non Ayiti pa site nan òdonans la.

Gen 2 atik ki pral peze anpil sou avni jèn repiblik nou an. An premye: tout bato oubyen machandiz k ap antre oubyen sòti nan peyi Lafrans, pral peye mwatye taks ladwàn sèlman. An dezyèm: « Abitan aktyèl pati fransèz Sendomeng yo pral peye Kès Jeneral Depo ak Konsiyasyon Lafrans, nan senk vèsman menm valè, ane apre ane, premye vèsman an dwe fèt anvan 31 desanm 1825, san senkant milyon fran, pou dedomaje ansyen kolon fransè yo ki va reklame yon endemnite. »

Nan dat 3 jiyè 1825, 14 bato lagè chaje ak 528 kanno rive nan pò Pòtoprens lan. Nan bato sila, Baron de Mackau, sou lòd Wa Charles X fòse Ayiti aksepte kondisyon Lafrans yo anba gwo menas. Se konsa, nan dat 8 jiyè 1825, Prezidan Jean-Pierre Boyer dakò siyen òdonans la paske Lafrans te menase bloke trafik sou lanmè oubyen anvayi Ayiti yon lὸt fwa ankὸ. Pou peye premye vèsman an, Ayiti te oblije al prete nan men plizyè bank prive nan peyi Lafrans. Se dèt sa, mete ak prè sa yo, yo rele doub dèt endependans lan.

Nan mwa k ap vini yo, n ap gen pou nou retounen sou evènman istorik ki te pase avan epi aprè gouvènman Boyer an te siyen ὸdonans la, nan long 19èm syèk la, ansanm ak analiz istoryèn ak istoryen ayisyen epi etranje ekri sou peryod la.[1]

 

[1] Nou vle salye Florence Alexis, Kòmisè epi Konsèy syantifik bèl ekspozisyon ki te fèt nan Panthéon, nan vil Paris, nan kòmansman ane 2024 la, ki te gen tit «  Oser la liberté ». Òdonans Charles X la te ekspoze ansanm ak anpil dokiman istorik sou « Figures des combats contre l’esclavage ». N ap salye tou travay remakab Fondation pour la Mémoire de l’Esclavage – https :memoire-esclavage.org – ap fè san dezanpare. Li te patisipe nan òganizasyon ekspozisyon an.

 

Pou n chèche konnen plis :

 

Liv :

  1. Jean-François Brière. Haïti et la France, 1804-1848: le rêve brisé. Éditions Karthala, 2008.
  2. Marcel Dorigny, Jean Marie Théodat, Gusti-Klara Gaillard, Jean Claude Bruffaerts. Haïti-France Les chaînes de la dette – Le rapport Mackau (1825). Éditions Hémisphères, 2021, 201 p.

 

Tèks n ap jwenn sou entènèt :

  1. Gusti-Klara Gaillard-Pourchet. La dette de l’indépendance d’Haïti. L’esclave comme unité de compte (1794-1922)

https://heritage.bnf.fr/france-ameriques/fr/dette-independance-haiti-article

 

  1. Gusti-Klara Gaillard-Pourchet. Haïti-France. Permanences, évolutions et incidences d’une pratique de relations inégales au XIXe siècle

https://journals.openedition.org/lrf/2844?lang=de

 

  1. Beauvois, Frédérique. L'indemnité de Saint-Domingue: « Dette d'indépendance » ou « rançon de l'esclavage » ? French Colonial History, vol. 10, 2009, p. 109-124. Project MUSEhttps://doi.org/10.1353/fch.0.0021

https://web.archive.org/web/20190430033100id_/https://muse.jhu.edu/article/266552/pdf

 

  1. Beauvois, Frédérique. Monnayer l'incalculable ? L'indemnité de Saint‑Domingue, entre approximations et bricolage, Revue historique, vol. 655, no. 3, 2010, pp. 609-636.

https://www.cairn.info/revue-historique-2010-3-page-609.htm

 

  1. Oosterlinck, Kim and Panizza, Ugo and Weidemaier, Mark and Gulati, Mitu, A debt of dishonor. (April 30, 2022). Boston University Law Review, vol. 102:1247

https://www.bu.edu/bulawreview/files/2022/05/OOSTERLINCK-PANIZZA-WEIDEMAIER-GULATI.pdf

 

Piblikasyon nan Laprès ak videyo sou entènèt : 

  1. LA RANÇON – THE RANSOM – RANSON AN

par Lazaro Gamio, Constant Méheut, Catherine Porter, Selam Gebrekidan, Allison McCann et Matt Apuzzo, The New York Times, 20 Mai 2022

 

An fransè :

  1. Les Milliards Envolés

https://www.nytimes.com/fr/interactive/2022/05/20/world/americas/haiti-france-dette-reparations.html

 

  1. À la racine des malheurs d’Haïti: des réparations aux esclavagistes

https://www.nytimes.com/fr/2022/05/20/world/haiti-france-dette-reparations.html

 

An kreyòl :

  1. Milya Ayiti pèdi yo

https://www.nytimes.com/ht/interactive/2022/05/20/world/americas/ayiti-lafrans-esklavaj-dat-enpotan.html

 

  1. Rasin mizè Ayiti: Reparasyon yo bay Mèt esklav yo

https://www.nytimes.com/ht/2022/05/20/world/ayiti-lafrans-esklavaj-etazini.html

 

An anglè :

  1. Haiti’s Lost Billions

https://www.nytimes.com/interactive/2022/05/20/world/americas/enslaved-haiti-debt-timeline.html

 

  1. The Root of Haiti’s Misery: Reparations to Enslavers

https://www.nytimes.com/2022/05/20/world/americas/haiti-history-colonized-france.html

  

An espanyòl :

  1. La 'doble deuda' con la que Francia ahogó a Haití en el siglo XIX

Silvia Nieto, ABC Internacional, 05/06/2022

https://www.abc.es/internacional/abci-doble-deuda-francia-ahogo-haiti-siglo-202206050338_noticia.html?ref=https%3A%2F%2Fwww.abc.es%2Finternacional%2Fabci-doble-deuda-francia-ahogo-haiti-siglo-202206050338_noticia.html

 

VIDEYO

  1. “La dette de l'indépendance haïtienne, un sujet tabou en France”. Haïti Inter, 6 juin 2023

https://www.youtube.com/watch?v=v_0oqN5hl1o&list=PL6XuTdsJrZQ-9RvBNOZtDJJvkrJ0Pcx-a&index=6

 

  1. Thomas Piketty : l'économie en Haïti. Emission "Éco d’ici Éco d’ailleurs, RFI, 19 octobre 2019

https://www.youtube.com/watch?v=_XQcjp_lRbU&list=PL6XuTdsJrZQ-9RvBNOZtDJJvkrJ0Pcx-a&index=5

 

  1. Why did Haiti agree to pay reparations to France after the Haitian Revolution ? Choices programs. 6 oct. 2021, The Haitian Revolution. Anthony Bogues, Brown University.

https://www.youtube.com/watch?v=Ea2PfhCtp2Q&list=PL6XuTdsJrZQ-9RvBNOZtDJJvkrJ0Pcx-a&index=11

 

  1. La multimillonaria indemnización que Haití le pagó a Francia por su independencia

//www.youtube.com/@BBCMundo">BBC News Mundo, 22 mars 2024

https://www.youtube.com/watch?v=HJ-dHYlRj-0&list=PL6XuTdsJrZQ-9RvBNOZtDJJvkrJ0Pcx-a&index=14

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.