Gradyasyon 2èm pwomosyon etidyan lekòl ACTE

4N4A9844Samdi 4 mas 2023, « ACTE, école d’art dramatique », te òganize seremoni gradyasyon/espektak pou dezyèm pwomosyon li (2020-2022), ki pote non LOBO. Pwomosyon sa te genyen 12 jenn fanm ak jenn gason ki pataje anpil lanmou ak pasyon pou teyat ak atizay.

Kòm se yon lekòl teyat, gradyasyon an pa te fèt nan fòma tradisyonèl, men etidyan yo te ofri piblik la yon seri reprezantasyon ki anglobe anpil nan disiplin yo te aprann pandan 2 lane yo sot pase nan lekòl la tankou: 

- Kreyasyon imoristik kote twa etidyan pote yon diskou sou aktyalite peyi a ak lavi yo ;

- Ekriti teyat ak entèpretasyon kote yo ekri epi di tèks ki pale sou LOBO epi reprann tèks gran komedyen sa te konn di ;

- Travay sou kò, yon kaptasyon etidyan lekòl la mete sou pye ki pèmèt piblik la vizyalize yon travay ki fèt sou kò pandan y ap abòde dèy, lanmò ak lavi.

Malgre sitiyasyon difisil peyi a ap viv nan moman an, patikilyèman kapital la, piblik la te reponn prezan epi montre yo te satisfè de prestasyon etidyan yo. Amos César ki se Direktè nan lekòl ACTE t ap eksplike kouman li kwè anpil nan kapasite ak kreyativite jèn aktè ak komedyen sa yo.

«Prezans piblik la plis volonte makònen pasyon jèn sa yo pou lakilti, pèmèt nou konprann menm si prèske tout krèm peyi a fin pati ale aletranje, men gen jèn ki gen rèv rete nan peyi a, ki gen rèv demen kapab miyò. E yo panse yo kapab kontribye nan fason yo kapab, nan itilize atizay, pou sansiblize, pou konsyantize, pou pwovoke yon chajman nan mantalite moun yo, nan divès move pratik ki genyen nan sosyete nou an ».

ACTE remèsye tout patnè l yo espesyalman Institut Français d'Haïti ak FOKAL ki te rann fòmasyon epi gradyasyon sa posib.

« ACTE », Ecole d’art dramatique, se yon espas kote jèn yo ka rankontre pou yo tounen pwofesyonèl nan teyat. Fonde lekòl la an 2018 nan yon kontèks spesyal, se kreye yon espas pou atis yo konsyan de reyalite yo epi pran angajman pou chanje l, li tounen sa nou rele yon « Atis-aktè ».

Misyon nou se fòme aktè, animatè pwofesyonèl Ayisyen ki gen pou transmèt sa yo aprann nan 10 depatman peyi a pou ka reveye lakay yo santiman « Sitwayen-aktè ».

Etid la kouvri yon peryòd 2 lane pou anviwon 14 kou tankou kominikasyon, metodoloji atistik, entèpretasyon, imou, elatriye. Enskripsyon yo ap ouvè apati avril 2024. Pou plis enfòmasyon, vizite sit entènèt yo www.actehaiti.com, oubyen suiv yo sou rezo sosyal yo. Tel.: (509) 36 28 4206 / 37 49 8647. Adrès : 18, Enpas Bawon, Tijo, Pòtoprens, Ayiti.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.