FOKAL ak Kiskey'Art ap envite w gade videoklip Artybonito, ki se fwi yon kolaborasyon ant Mouvman AZUEI ak gwoup La Gran Mawon. Se yon chante lanmou, yon mizik omaj pou tout koup Dominiken ak Ayisyen ki kontinye renmen malgre imilyasyon, pawòl rayisans ak vyolans. Videyo sa fèt gras ak pwojè Kiskey’Art. Se Samuel Suffren ki reyalize l.
N ap jwenn videyo sa tou sou tout lòt platfòm FOKAL yo ak patnè li yo.
#LanmouLatibonito #VivAnsanm #convivencia