Français | English
Share to Facebook Share to Twitter Share to MySpace Share to Google Buzz 
  • Accueil
  • Fokal
  • Centre culturel
  • BMC
  • Axes prioritaires et subventions
    • Reconstruction / Environnement
    • Jeunes, Arts et Éducation
    • Accès à l'information
    • Autres subventions
    • Demande de subvention
  • Nouvèl Fokal
  • Atrium virtuel
  • Rendez-vous
  • Festival 4 chemins
  • Nous contacter

  • Juin, 2013
  • Mai, 2013
  • Avril, 2013
  • Mars, 2013
  • Février, 2013
  • Janvier, 2013
  • Décembre, 2012
  • Novembre, 2012
  • Octobre, 2012
  • Septembre, 2012
Lekòl kominotè Matènwa: yon pratik tou nèf nan zafè edikasyon
breves

Lekol kominote MatenwaDepi 2010, FOKAL ap travay avèk yon gwoup ekspè sou kesyon edikasyon avèk yon finansman Fondasyon Katar nan kad yon pwogram ki rele « Wise » (World Innovation Summit for Education – Somè mondyal inovasyon pou edikasyon). Pwogram sa a ap chache pèmèt enstitisyon ak moun ki ap fè jefò nan sektè edikasyon plis parèt.

 

Nan kad sa a, FOKAL chwazi bay yon lekòl Lagonav jarèt pou ankouraje travay li. Li rele « Lekòl kominotè Matènwa » . Matènwa se yon ti lokalite nan komin Ansagalè ki gen mil abitan. Lekòl kominotè a genyen 182 timoun ki enskri nan preskolè jis pou rive nan 9èm ane fondamantal. Lekòl sa a te kreye nan lane 1996 avèk yon ekip pwofesè ayisyen epi ameriken. Depi yo kreye lekòl la yo deside chache de metodoloji ki adapte ak bezwen timoun yo.

 

Yo mete kanpe yon metòd pou timoun yo ka aprann li ak ekri, epi yo anseye lòt kou yo, nan lang kreyòl la. Prensip la se pou sispann oblije timoun yo aprann nan yon lang yo pa konprann, ki se franse. Yon zouti espesyalman enteresan yo devlope se kreye liv an kreyòl ke ti moun yo ap ekri sou vi pa yo. Apre sa, yo itilize liv sa yo nan klas yo epi tou nan bibliyotèk la. Yon pwofesè ayisyen, Michel Degraff, ki ap travay Etazini nan Massachusetts Institute of Technology (MIT), fè statistik sou vitès timoun lekòl Matènwa konn li, li gade kòman yo konprann sa yo ap li, li konstate metòd an kreyòl la mache byen e ti moun yo konn li pi rapid e pi byen pase lòt timoun ki ap aprann an Franse nan lòt lekòl yo. Men timoun yo ap aprann lang franse tou, tankou tout timoun nan peyi a, depi 4èm ane fondamantal.

 

Lagonav, tankou anpil lòt kote nan peyi a, gen gwo pwoblèm anviwònman. Lekòl kominotè Matènwa kreye jaden nan lakou li, pou timoun yo ka konnen pi byen, kijan tomat, zonyon, pyebwa elatriye pouse. Jaden sa bay yon ti kòb pou lekòl la oubyen yo sèvi ak legim yo pou fè manje. Avèk sa a, chak maten, lè yo rive lekòl, timoun yo ka manje.

 

Yon gwo prensip lekòl la ap aplike tou, se lit kont tout vyolans. Depi plizyè lane, lekòl la devlope yon pwogram espesifik avèk 10 lòt lekòl nan zòn la pou anpeche pwofesè kontinye bat timoun yo epi lite kont vyolans nan pawòl tou. Pi fò nan pwofesè yo kontan de pwogram sa a paske yo wè timoun yo pi kalm e klas la pi fasil.

 

Lekòl la gen atelye kote timoun ak granmoun nan zòn nan aprann fè mizik, panye, kouti, bwodri elatriye. Yon pwofesè mizik, ki soti nan peyi Etazini, di klas mizik la pèmèt gen plizyè bon jan mizisyen nan zòn nan. Epi chak maten, pou leve drapo a, yon timoun soufle nan yon lanbi pou rele tout timoun yo pandan lòt yo ap bat tanbou.

 

Lekòl Kominotè Matènwa se yon egzanp jan lekòl la ka pi efikas, pi konvivyal e pi adapte pou timoun ak granmoun ka jwe wòl sitwayen yo nan peyi a.

Pou wè yon galri foto aktivite lekòl sa klike la a

< Précédent   Suivant >
 
Copyright © FOKAL 2011. Tous droits réservés.
webdesign: Jean Eder Hilaire
 
143, Avenue Christophe | B.P. 2720, Port-au-Prince, Haïti, W.I. | Phone : (509) 2813-1694, (509) 2510-9814, (509) 2511-3902