Bibliyotaptap la bay lang ak kilti kreyòl ochan

BibliotaptapPou mwa oktòb la, ki te mwa lang ak kilti kreyòl, anpil nan aktivite bibliyotaptap la te fèt nan lide selebrasyon lang nan. Jou ki te 13 oktòb la, sou plas Sen Pyè nan Petyonvil, nou te resevwa Anthony Millord ki se yon jenn “slameur” epi powèt. Nan jedi ki te 19 oktòb, nou te resevwa sou sit Delma 5 lan, powèt Coutechève Lavoie Aupont, ki te loreya 2017 pou pri Dominique Batraville pwezi nan lang kreyòl, avèk rekèy li a ki rele "Make pa".  Chita pale sa yo te byen anime, jenn yo poze anpil kesyon. Fòk nou di tou, aktivite sa yo se yon fason pou fè piblik la abitye ak BTT a, epi li liv nou yo.

Jounen mèkredi 25 oktòb la, se te yon lòt bagay nan “Kidergarten Collège Marie Andre” ki se yon lekòl nan Fontamara 43. Nou te fè yon bèl atelye sou chante nan lang kreyòl. Pou aktivite sa a, nou te envite chantèz Vanessa Jeudi. Atis la te vini ak 4 chante pou atelye a: Tolalito, Soufle van, Latibonit, Lovana. Egzèsis sa a te pèmèt timoun yo aprann tou plizyè mo nou pa itilize anpil nan lang kreyòl ayisyen an, tankou batwèl, dilere, elatriye.

Se jedi 26 oktòb la, nan Lekòl Zéphyr, nan Matisan 23, nou te fè dènye aktivite espesyal pou mwa a. Nou te chwazi prèske 20 elèv pou yon egzèsis koreksyon tèks ki ekri nan lang kreyòl. Pou nou te fè travay sa, nou te chwazi yon liv Georges Castera, nou te re-ekri yon pati ladan l ak fot, epi nou te mande elèv yo pou korije fot yo. Chak patisipan te resevwa yon liv kòm rekonpans. 

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com