Yon atelye sou lang kreyòl ak Claude Pierre nan CCKD

Claude Pierre au CCKDNan kad selebrasyon Jounen entènasyonal “Lang matènèl” la (21 Fevriye), sant kiltirèl Katherine Dunham te resevwa powèt-akademisyen Claude Pierre ki te anime yon atelye sou kreyòl pou yon gwoup jèn nan bibliyotèk la. Powèt la te sèvi ak yon liv Jean Claude Bajeux ki gen pou tit  " Moso chwazi pawòl ki ekri an kreyòl ayisyen " pou l te mennen atelye a.

Patisipan yo (anviwon 20 fi ak gason) pa t neglije poze kesyon sou divѐsite ki genyen nan fason yo pale ak ekri kreyòl la nan chak rejyon ak sou wòl Akademi an ta dwe jwe nan rive mete estrikti nan lang la (pale, ekri, gramѐ, elt).

Pwofesѐ a te fe yon gwo rale pou li montre kouman lang kreyòl la pran nesans sou tan lakoloni, e kouman li te sѐvi yon siman ki relye diferan etni ki t ap viv nan  sendomeng. Li te montre Kreyòl la se yon lang ki gen plizyѐ lòt lang ladan tankou fransѐ, anglѐ, espayol elt. Li te ensiste sou nesesite ki genyen pou nou pa wont pale kreyòl nan tout espas n ap frekante, e pou nou ta menm egzije pou pyѐs leta ap ban nou yo, tankou ekstrѐ achiv ak batistѐ, ta fѐt an kreyòl.

Apre moman deba yo pwofesѐ Claude Pierre te li kѐk moso pwezi Georges Castera, René Philoctete, Lyonel Trouillot. Jѐn ki te patisipe yo pa t kache satisfaksyon yo ; Se te yon gwo moman deba, echanj sou orijin lang kreyòl la ak sou fason li evolye depi tan lakoloni.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com