Rankont ànyèl bibliyotèk rezo FOKAL yo

IMG 8623Yon lòt fwa ankò, tankou sa toujou fèt chak lane, responsab 16 bibliyotèk rezo bibliyotèk FOKAL yo te rankontre lendi 3 desanm nan, nan FOKAL, soti 9è pou rive jouk 3è nan lapremidi.

Rankont ànyèl sa yo fèt nan lide pou pèmèt responsab sa yo ki ap travay nan divès vil sou teritwa nasyonal la, familyarize yo youn ak lòt, pataje eksperyans yo nan tèt bibliyotèk kominotè sa yo, diskite sou diferan pwoblèm yo ap konfwonte epi monte ansanm kalandriye travay yo pou lane k ap vini an.

Se nan yon anbyans byen ge, ak anpil kè kontan, rankont ànyèl sa te demare kote apre yo te fin akeyi tout patisipan yo, kòdonatè pwogram sa nan FOKAL, Erick Toussaint, ta pral anonse pwogramasyon jounen an ki te repati konsa:

  • Prezantasyon bilan lane 2017 la
  • Prezantasyon kèk manm nan staf administrasyon FOKAL
  • Yon refleksyon sou ansanm valè FOKAL ap defann yo
  • Diskisyon sou rezilta yon ankèt ki te reyalize sou aspè sekirite anndan bibliyotèk yo
  • Poz kafe
  • Prezantasyon pwogram Education Citoyenne ki pral gen pou kolabore anpil ak pwogram bibliyotèk la ane sa

Yon diskisyon sou kalandriye aktivite nan bibliyotèk yo pou lane 2019 la, se te dènye pwen nan pwogramasyon jounen sa. Lide pou genyen yon sèl kalandriye pou tout rezo bibliyotèk FOKAL yo te vini pou pèmèt yon amelyorasyon kalite aktivite bibliyotèk yo ap ofri piblik yo.

Ane sa, kalandriye a baze sou 2 tèm kle : Plas timoun yo anndan bibliyotèk yo (La place des enfants dans les bibliothèques) epi kesyon sekirite nan espas bibliyotèk yo ( La sécurité dans les bibliothèques).

Akote gwo tèm yo, genyen 12 sou-tèm ki ap gide ansanm aktivite bibliyotèk yo dwe reyalize, an rezon yon sou-tèm chak mwa, tankou ekspozisyon liv, konferans, pwojeksyon fim ak animasyon pou timoun.

Pwogram bibliyotèk FOKAL la ap travay pou rann liv pi aksesib pou moun kap li yo, sitou pou jenn yo. Pwogram nan sipòte bibliyotèk ki nan rezo li yo nan fè yo kado liv, ba yo sibvansyon epi bon ankadreman teknik. Pi fò nan bibliyotèk sa yo lokalize nan zòn ki neglije nan kapital la ak nan vil pwovens yo, e se gwoup jenn nan kominote sa yo ki jere yo.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com