Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Fim anime « Teta ki te kwè li te ka gwo kou yon bèf »

Teta Grenouille boeuf bef Nou sonje fim anime d’animation « Konmè Lasigal ak sò fwonmi » ?

Kounye a, yon lot fim pare : « Teta ki te kwè li te ka gwo kou yon bèf » !

Fim sa rakonte yon ekstrè nan liv « Cric ? Crac ! - Fables de La Fontaine racontées par un montagnard haïtien et transcrites en vers créoles » otè Georges Sylvain te ekri, nan lane 1901.

Nan liv sa, non sèlman Georges Sylvain fè yon travay tradiskyon ak fab La Fontaine yo li pwopoze nan lang kreyòl ayisyen, men tou li mete fab yo nan kontèks ayisyen nan epòk li te ekri liv la, kiryezman epòk sa sanble ak sa nou ap viv jodi a…

Se istwa yon krapo ki te vle vin pi gwo pase yon bèf epi alafen...

Malerezman nan monn n ap viv jodi a, li pa jis, e se nou menm pou ki fè tout sa nou kapab pou nou chanje sa. Istwa sa k a fè w ri e an menm tan li yon ti jan mechan, men se sitou yon bèl okazyon pou nou reflechi sou nou menm e sou tout moun sou latè an jeneral.

Istwa krapo a, menm si li fè nou ri, li fè nou sonje tou ke nou tout diferan youn de lòt. Chak moun gen pèsonalite pa l, talan pa l epi konpetans pa li. Nou pa bewzen eseye sanble a yon lòt moun nou pa p janm ye; fòk nou jis idantifye sa nou konn fè pi byen an, epi pa bezwen swete pèsonn echwe. Paske se dayè tout talan ak konpetans sa yo nou mete ansanm ki fè bote lavi, ki fè richès limanite, pa vre ?

Yon fim anime Louvenson Saint Juste reyalize

Dapre pwopozisyon Eliézer Guérismé

Moun ki filme chante a : Réginald Louissaint Jr

Lot imaj yo : Patrick Amazan

apati espektak « Lafontaine dapre Sylvain »

Tèks : Georges Sylvain ak Jean de la Fontaine

Mizansèn : Michèle Lemoine

Entèpretasyon : Eliézer Guérismé

Chan : Jehyna Sahyeir

Pwodiksyon : Fondasyon Konesans ak Libète – FOKAL - @Fokal 2020

 

 

 

Gade tou : 
« Konmè Lasigal ak sò fwonmi » ( La cigale et la fourmi)

 

 

 

Prochainement :

« Mouton, kabrit, gazèl ak lyon » (La Génisse, la Chèvre et la Brebis en société avec le lion)

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com