Pou lanse 7è edisyon Festival Krik Krak la, asosyasyon kiltirèl Akoustik Prod ap prezante dimanch 27 septanm 2020 sa a, « Je te conte au temps du confinement ». Se Paula Clermont Péan ki reyalize e monte espektak la ak patisipasyon Marie Nolte Régine Cajuste sou chan, Christ Maïka Joachim sou dans, ak mizisyen Jackson Saintil (Tanbou) ak Jean Delince Beaucéjour (Saksofòn)
Evènman sa ap difize an dirèk sou diferan paj Facebook sa yo: Akoustik Prod, FOKAL, Loop Haiti, Bibliothèque Centre Culturel Pyepoudre, Institut Français En Haïti.
Festival Krik Krak la se yon espas pou transmèt epi valorize tradisyon popilè ayisyen yo. Se yon festival ki gen ladan tire kont, jwèt tradisyonèl ak mizik popilè Akoustik Prod òganize nan vil Okay, ak moun ki konn tire kont, chantèm mizisyen Ayisyen kou etranje, elatriye ki rejwenn yo nan yon menm espas.
Sepandan, akoz kontèks pandemi an, edisyon ane sa a pral espesyal, ak lansman vityèl sa a.
Deja 21 jen ki sot pase a, festival Krik Krak te mete ansanm ak Rencontres des Musiques du Monde pou prezante yon pwogram vityèl nan dat Fèt Mizik la.