Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Fim animasyon : « Konmè Lasigal ak sò fwonmi » (La cigale et la fourmi)

Affiche reprise La FontaineFOKAL pwopoze, pou yon piblik ki soti nan 7 lane rive jiska 99 lane, fim anime « Konmè Lasigal ak sò fwonmi ». Fim sa rakonte yon ekstrè nan liv « Cric ? Crac ! - Fables de La Fontaine racontées par un montagnard haïtien et transcrites en vers créoles » otè Georges Sylvain te ekri, nan lane 1901.

Nan liv sa, non sèlman Georges Sylvain fè yon travay tradiskyon ak fab La Fontaine yo li pwopoze nan lang kreyòl ayisyen, men tou li mete fab yo nan kontèks ayisyen nan epòk li te ekri liv la, kiryezman epòk sa sanble ak sa nou ap viv jodi a…

 

Yon fim anime Louvenson Saint Juste reyalize

Dapre pwopozisyon Eliézer Guérismé

Moun ki anrejistre chante a : Réginald Louissaint Jr

apati espektak « Lafontaine dapre Sylvain »

Tèks : Georges Sylvain ak Jean de la Fontaine

Mizansèn : Michèle Lemoine

Entèpretasyon : Staloff Tropfort

Chan : Jehyna Sahyeir

Koral : Eliezer Guérismé, Miracson Saint-val, Staloff Tropfort

Gita : Kerby Jimmy Toussaint

Pèkisyon : Marc Harold Pierre

Pwodiksyon : Fondasyon Konesans ak Libète – FOKAL 

@Fokal 2020

 

 

Fwonmi ap travay san pran souf, pou li sere met la. Lasigal li menm ap paweze, lap chante, san li pa sosye de kijan sa ap ye demen. Yon bon jou, Lasigal vin pa ka jwenn pwovizyon pou li siviv… Atò, li ale mande fwonmi yon ti manje. Manzè fwonmi pa renmen prete, reponn li « Se chante ou te konn ap chante ? Enben danse kounya… »

 

Refleksyon pou moun ki gade yo

Timoun, lè nou fin tande istwa sa, reflechi byen sou pèsonaj yo (moun yo pale de yo nan listwa a) ki sanble ak nou tèt koupe, nou menm moun, e pa kouri ba yo twòp chay pote...

Nou ka kouri panse sa ki enpòtan nan listwa a se ta nou dwe travay e fòk nou wè pi lwen, e nou pa dwe twò konte sou vwazen nou... Ke se fòt moun yo si yo pòv e si yo pòv se paske yo parese e ret sou kont lòt moun twòp...

Èske nou dwe tankou foumi an, ap sere epi ap travay, wi, men mechan kouki epi pa vle pataje ?

Osinon tankou sigal la ki pa bay anyen regle anyen pou nou menmsi nou pare pou nou bay tout sa w nou genyen, wi men nou kanmenm pa panse ak demen ?

Si nou byen konprann, dapre mwen, sa nou dwe kenbe nan listwa a, menm si pran responsabilite nou ak renmen travay enpòtan anpil, sa ki pi enpòtan toujou, fòk nou sonje viv ansanm paske nou tout se moun e se respè moun ak moun ki fè nou moun.

 

Nan jou kap vini yo :

« Teta ki kwè li te kapab gwo kou yon bèf » (La grenouille qui veut se faire aussi grosse que le bœuf)

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com