Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Ann Pa limite moun, yon dokimantè sou prejije moun sibi

Ane pase, ant 22 jiyè ak 23 dawout, 21 jenn te patisipe nan yon atelye pou kreye fim dokimantè sou tèm divèsite ak tolerans. Reyalizatè Richard Sénécal te anime atelye sa, kote jenn sa yo te fè konesans ak teknik reyalizasyon dokimantè yo, e rankontre anpil lòt fòmatè, militant dwa moun tankou lòt reyalizatè, ki te echanje ak yo.

Tèm sa (divèsite ak tolerans) te pèmèt patisipan yo manyen kesyon dwa moun nan fim yo, atravè sijè ki enpòtan pou yo nan anviwonman yo. Nan fen atelye a, jenn yo te travay sou divès pwojè fim tou kout, nan yon demach kote yo tap kolabore ansanm.

Yo pwodui 11 ti fim, ki te pase nan FOKAL nan dat 13 septanm 2019. Pami 11 fim sa yo, te genyen “Ann Pa limite Moun”, fim tou kout nou ap prezante ou semenn sa a. Christossamens Moise Saintilme ak Pierrelie Shama François reyalize fim sa ki pale de estereyotip fi sibi nan chwa yo ap fè, espesifikman nan ka sa, nan chwa yo pou yo leve fè. Se Pierrelie ki se sijè fim nan tou. 



 

Pou Pierrelie, youn nan ko-reyalizatè yo, pwoblèm estereyotip sou sa fi ou gason dwe fè, se yon pwoblèm ki reyèl, menm si yo pa diskite ase sou li, kote sosyete a fikse de bagay fi pa dwe fè, osinon gason pa dwe fè. Se pou sa li te chwazi pale de li, nan kad klèb espò yo. " Anndan klèb espò yo, yo atann fi fè mouvman pou fè cardio ak pou kase vant. Depi li chwazi miskle kò li, li viktim anpil prejije ".

Pierrelie Ann Pa Limite MounDapre jenn patisipant la, atelye a se te yon bon lokazyon pou li panche sou prejije sa. Anndan fim nan se li menm pèsonèlman kamera a ap suiv e ki vin sijè fim nan. " Se yon pwoblèm mwen viv, e mwen te vle eksprime li fason mwen te viv li a", selon jan li eksplike.
Li rapousuiv : " se yon dwa fi genyen pou chwazi si lap miskle ou non. Pa gen limit, otan li gen kapasite pou li fè l".

Se te premye travay Pierrelie kòm reyalizatris dokimantè. "Avan mwen te patisipe nan atelye a, mwen pat gen okenn ide de kijan yo fè fim dokimantè. Se gras ak Richard Sénécal e kolaboratè li yo, tankou Gasner Francois ak Roger, plis lòt fòmatè tankou Rachele Magloire ak Gessica Généus mwen vin aprann pou bay travay sa ".
Li pa blike apò tout lòt patisipan yo nonplis : Se pa travay wen ak Christossamens sèlman, men yon travay ekip. Travay sa, ke se bò kote fòmatè ni patisipan yo. Yo te pote anpil pou rive elabore travay la. Lè w gen yon lide, ou prezante l bay tout sal la e tout moun ede w."

Pierrelie espere aprann plis nan domenn nan toujou, e swiv travay lòt moun pou li avanse ladan li pou kontinye fè pase mesaj. Li di li deja gen lòt pwojè sinematografik li menm ak lòt patisipan nan atelye a a ap travay sou yo pou yo so ti nan ane sa a.

Aktivite sa te posib atravè gras ak pwojè « Accès à la justice et lutte contre l’impunité en Haiti », nan patenarya ak Avocats Sans Frontière Canada, ak sipò Gouvènman peyi Kanada, atravè Affaires Mondiales Canada.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com