Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Yon rezime semenn aktivite omaj pou Georges Castera nan BMC

06022020 IMG 6365YODSi semenn nan te demare ak piblikasyon sou paj Facebook BMC a ribrik Yon jou, yon rekey, yon tèks, epi ekspozisyon tèks powèt la andan biblliyotèk la, nan mèkredi 6 fevriye nou ta pral resevwa pwofesè Fritz Berg Jeannot. Yon bèl chita koze kote li te pale alafwa sou kijan Castera wè pwezi a li menm: yon zouti ki dwe kapab pran lari, ki vle di tou yon zam pou konbat. Pwofesè a wè tou rapò lavi misye, konviksyon li ak pozisyon sosyal li kijan sa rive makònen pou bay kalite pwezi li a. Nan echanj ak piblik la, pwofesè Jeannot a te chita tou sou absans referans kay Castera ak kèksyon ekzil la. Tèks Castera, kontrèman ak lòt powèt ak ekriven Ayisyen, pa twò abòde sijè ekzil la. Malgre tan li pase deyò peyi a, tèks li pa plonje nan yon nostalji lekzil.

08022020 IMG 6463YODNan jedi apremidi, avèk patisipasyon plizyè zanmi powèt, dizè ak mizisyen tonèl Fokal tap vibre ak bèl tèks anba kout gita atis Wooly St Louis Jean ak pèkisyonis kite akonpaye dizè yo tou. Bèl temwayj Bonel Auguste e sitou pwen de vi kritik li yo te pèmèt wè tout pòte pwezi Castera genyen nan literati Kreyòl ayisyen an. Yon gwo kout chapo pou tout atis, dizè ak zanmi ki te rejwenn nou pou moman sa.

Nan vandredi 7, toujou pou salye memwa Castera, klèb lekti bibliyotèk la te anime yon apremidi echanj sou pwezi Georges Castera a, fason yo menm yo viv li.

Semen nan ta pral fini samdi ak aktivite pou timoun vè midi kote te gen lekti tèks ki sòti nan rekey Alarive Lèzanfan. Apre lekti a, animatè a te envite timoun yo pou yo reyòganize tèks pwezi a nan lòd sou yon fèy bristòl. Nan yon 3èm tan, timoun te fè yon ekzèsis koloryaj, dekoupaj epi kolaj sou bristòl pou asosye tèks yo ak imaj yo. Nou te swete klotire ak aktivite sa a pou raple Castera pat panse ekriti li sèlman pou pi gran yo, li te panse l tou pou pi piti yo ki bezwen dekouvri rit ak kadans son yo ak bote lang nan tou. 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com