Yon ankèt sou Ayisyen k ap viv Ozetazini

22C52D1608AB49F39AFE48FF2109B202Ayiti Diaspora Collaborative (ADC) ap reyalize yon ankèt pou ede konprann ak konnen pi byen tout kominote ayisyen an k ap viv Ozetazini. Nan sans sa a, platfòm nan ap fè konnen ak tout Ayisyen ki ap viv USA, oubyen tout Ameriken ki gen orijin ayisyèn, yo kapab patisipe nan gwo travay sila a epi bay koutmen pa yo nan pataje lide yo nan ankèt la.

Rezilta travay sa a pral sèvi pou prepare yon dokiman ki ap la pou fè vwa dyaspora ayisyen Ozetazini an ale pi lwen, yon fason pou enfliyans yo nan kominote a kapab grandi.

Ankèt sa a ki fèt nan tèt kole ak "Jorge M. Pérez Metropolitan Center" ki nan FIU, sòti nan yon pwojè rechèch ADC ap reyalize ak sipò W.K. Kellogg Foundation, ki vize itilize fòs tèt ansanm ayisyen ki gen nasyonalite ameriken.

ADC (Ayiti Diaspora Collaborative) se yon platfòm òganizasyon ki regwoupe asosyasyon ki ap evolye Ozetazini ak Ayiti yon fason pou li kapab defann enterè pèp ayisyen an. ADC ap fè travay sa a depi plis pase karant lane.

Pami asosyasyon ki manm ADC yo nou jwenn: Haitian American Foundation for Democracy, Sant La, Avanse Ansanm, Ayiti Community Trust, FOKAL, Haitian American Professionals Coalition, Haitian American Voters Empowerment Coalition, Haitian Bridge Alliance, Haitian Ladies Network, Haiti Renewal Alliance, Quisqueya University, ak Replenish 509.

Klike sou ekriti koulè oranj sa pou kapab patisipe nan ankèt la.

https://fiu.qualtrics.com/jfe/form/SV_6hvb2rWKFoPa2Fw

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.