12 fakilte ak inivèsite nan peyi a ap pasitipe nan yon konpetisyon deba

IMG 0466Fédération Haïtienne de Débat (FHD) òganize pandan jounen 8 me 2022 a, premye faz yon konpetisyon deba kontradiktwa ant divès fakilte ak inivèsite an Ayiti. Douz ekip twoke kòn yo pandan premye tou sila ki te dewoule otou plizyè sijè nan fòma deba World School Debating Championship (WSDC). Yon fòma ki sanble yon similasyon palmantè plizyè peyi adopte pou konpetisyon deba. Sa ki esplike fòmilasyon sijè (yo rele "mosyon") pou match yo, tankou : Chanm sila panse Ayiti ta dwe depenalize avòtman.

Chak ekip te jwe 3 match nan premye jounen sila sou tematik tankou : ekoloji, non-vyolans ak avòtman. Evenman sila ki vize pote deba kontradiktwa kòm reflèks nan Inivèsite an Ayiti jwenn sipò finansye epi teknik Programme Initiative Jeunes (PIJ) nan FOKAL. PIJ te asire fòmasyon sou fòma deba a pou ekip yo epi mete jij eskperimante disponib pandan tout dire konpetisyon. Ekip FHD a jwenn koutmen, nan pataj eskperyans, pou planifye epi jere konpetisyon an.

IMG 0621Faz eliminatwa sila ak rès konpetisyon an (ap) fèt nan lokal Université Notre Dame (UNDH) sou lali. 8 nan 12 ekip ki te nan premye tou a kase randevou pou kadefinal epi demifinal yo nan lokazyon selebrasyon kreyasyon bikolò ayisyen an, 18 me ki ap pwoche la.

Plizyè patisipan pa kache kontantman yo pou patisipe nan yon inisyativ kou sila a ki pèmèt yo rankontre lòt etidyan, diskite nan respè, devlope kapasite pou lapawòl devan yon piblik, fè rechèch dokimantè, men sitou aprann youn de/ak lòt.

Final konpetisyon an prevwa pou fèt samdi 28 me, toujou nan lokal UNDH la.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.