Patrimwàn

Projet GingerbreadPwogram Patrimwàn FOKAL la, ki te rele anvan sa Pwojè Gingerbread, kontinye ap atikile sou sansibilizasyon a patrimwàn achitektiral iben nou yo. Pandan ane 2009 la, òganizasyon HELP (Haitian Education Leadership Program) ak FOKAL te fasilite enskripsyon kay Gingerbread nan Pòtoprens yo sou lis moniman an danje Fon Moniman Mondyal yo. Prezèvasyon kay sa yo te anrejistre an 2010 epi renouvle an 2012. Rekonesans sa fè li posib pou sansibilize pwofesyonèl atravè mond lan ak enstitisyon entènasyonal yo sou ijans pou sipòte reyabilitasyon ak konsèvasyon patrimwàn achitektiral ayisyen an. Aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la, kay sa yo te pwouve yo trè solid, anplis de distenksyon yo ak karaktè yo.

Pwojè sa, an kolaborasyon ak ISPAN ak lòt òganizasyon patnè, te fikse tèt li plizyè objektif: pi byen dokimante patrimwàn sa; devlope konesans ki itil pou reyabilitasyon kay yo nan kreye yon atelye-lekòl pou jèn mason ak bòs chapant an patenarya avèk Enstiti Patrimwàn Wallon (IPW) epi gras ak finansman ki sòti nan Wallonie Bruxelles International; kreye yon anviwònman pou viv ki pi bèl epi anbeli distri katye sa nan akò ak otorite konpetan yo ak rezidan yo. Fon Moniman Mondyal la bay FOKAL sipò metodolojik ak teknik pou dokimante pwosesis sa, retabli kay yo ak fè etid sible sou katye a.

Ou ka telechaje rapò sou misyon 2010 Fon Moniman Mondyal yo lè w klike la.

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.