Sant kiltirèl

FokalNan kè Pòtoprens, sant kiltirèl FOKAL la ki inogire an 2003 se yon espas pou reyinyon, aprantisaj, lekti, deba, lwazi ak dekouvèt. Sant kiltirèl la gen ladan bibliyotèk Monique Calixte, yon sibèkafe, biwo administratif FOKAL yo, espas reyinyon ak ekspozisyon. Aktivite kalite yo ofri piblik la gratis, pèmèt yo rankontre atis ak entelektyèl ayisyen ak etranje, ak gen aksè a enfòmasyon ak konesans.

Sal FOKAL-UNESCO a

Sal FOKAL-UNESCO a se yon oditoryòm 130 plas ki la pou konferans, deba, reyinyon, pwojeksyon, konsè ak espektak. Li gen bon jan ekipman pou ekleraj, son, anrejistreman pèfòmans, tounaj tankou se nan estidyo ak tradiksyon an menm tan.

Jaden yo

Se espas pou jwèt, rekreyasyon, ekspozisyon ak espektak ki fèt nan espas ki pa fèmen. Sant kiltirèl la gen yon gwo pakin ki ka pran yon karantèn machin e ki pafwa itilize kòm espas pou fè konsè, fwa ak ekspozisyon. Anplis de sa, gen yon tonèl achitèk Frédéric Mangonès reyalize, yo itilize pou atelye, fòmasyon, repetisyon nan gwoup teyat ak reyinyon jèn yo.

Bibliyotèk Monique Calixte (BMC):

Jèn ki soti nan katye defavorize yo gen aksè a lekti nan pi bon kondisyon yo. Nou pwopoze aktivite pou timoun (kont, teyat ak atelye atizay plastik), reyinyon ak ekriven, lekti piblik, asistans pou fè rechèch, ekspozisyon ak atelye tematik. Yon dizèn òdinatè disponib pou lektè yo, non sèlman sa, asistans teknik pou fè rechèch ak sesyon fòmasyon.

BMC fè pati rezo LITTAFCAR (www.littafcar.org) pou pwomosyon literati peyi Afriken yo ak Karayib la.

Pou konsilte katalòg la ki fè yon sèl ak pa Sant kiltirèl Katherine Dunham lan, klike la.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.