Misyon FOKAL

couverture

Ankouraje estrikti ki nesesè pou tabli yon sosyete demokratik, jis epi solidè, ki chita sou otonomi ak responsablite endividyèl ak kolektiv ;

Ankouraje otonomi endividyèl, panse kritik, jijman, sans responsablite, inisyativ, kreyativite ak koperasyon nan edikasyon, fòmasyon ak kominikasyon;

Ranfòse pwosesis òganizasyonèl yo, paske se yo ki rann egzèsis panse kritik la posib e, se gras ak yo tou aprantisaj, pataj ak konfwontasyon konesans anndan gwoup yo rive devlope nan lide pou tout moun patisipe nan jesyon Leta a ak devlòpman lavi asosiyativ, sosyal ak kiltirèl.

Piblik nou vize

FOKAL te fè chwa pou sipòte sektè nan sosyete a ki ap pote chanjman: timoun ak jèn yo, asosyasyon sosyete sivil la ak sektè yo toujou mete sou kote yo tankou peyizan yo ak fanm yo.

Valè nou yo

 

Nou kwè nan valè ak diyite chak moun. Tout moun gen dwa a respè ak diyite. Misyon FOKAL se ankouraje otonomi endividyèl, panse kritik, jijman, sans responsablite, inisyativ, kreyativite ak koperasyon nan edikasyon, fòmasyon ak kominikasyon. Nou respekte patnè nou yo menm jan nou respekte benefisyè nou yo ak moun ki ede nou nan efò n ap fè pou n pouswiv misyon sa.

Valè sa yo, nou jwenn yo nan tout pwogram ak inisyativ nou yo : Pak Matisan, Pwoteksyon patrimwàn achitektiral la, Devlòpman dirab, Edikasyon, Inisyativ jèn yo, Medya, Bibliyotèk, Atizay ak kilti, Sant kiltirèl la, Sipò pou òganizasyon sosyete sivil yo.

 

Nou kwè nan devwa memwa ak nan batay kont enpinite. FOKAL ap chèche ankouraje estrikti ki nesesè pou tabli yon sosyete demokratik, jis epi solidè ki chita sou otonomi ak responsablite endividyèl ak kolektiv. Depi 1995, FOKAL ap soutni inisyativ sou devwa memwa ak batay kont enpinite. Diferan pwogram Fondasyon an an patenarya ak asosiyasyon sosyete sivil yo ak Inivèsite yo òganize vire tounen aktivite piblik ak atelye fòmasyon ak rechèch sou kesyon sa yo ki fondamantal pou jodi ak demen nou. Demach sa anrasinen nan pwogram Edikasyon nou an ki, mete sou sa, bay jèn ki konn fè gwo mwayèn men ki pa ka rantre nan inivèsite akoz yo pa gen mwayen bous pou yo etidye.

Nou kwè nan angajman sivik ak patisipasyon sitwayen. FOKAl gen pou objektif tou, ranfòse pwosesis òganizasyonèl yo, paske se yo ki rann egzèsis panse kritik la posib e, se gras ak yo tou aprantisaj, pataj ak konfwontasyon konesans anndan gwoup yo rive devlope nan lide pou tout moun patisipe nan jesyon Leta a ak devlòpman lavi asosiyativ, sosyal ak kiltirèl. Nou ankouraje angajman ak patisipasyon diferan sektè nan sosyete a. Nan pwogram nou yo, nou valorize enklizyon sitwayen yo. Fondasyon an sipòte efò endividyèl ak efò kominote yo pou fè tande vwa yo. Pwogram Atizay ak Kilti montre valè sa yo byen atravè apèl anyèl li pou pwopozisyon sou tèm kreyativite ak chanjman sosyal. 

Nou kwè nan sipòte kominote yo pou amelyore kondisyon lavi yo. Depi 1995, FOKAL ap sipòte sektè nan sosyete a ki ap pote chanjman: timoun ak jèn yo, asosyasyon sosyete sivil la, ak sektè yo toujou mete sou kote yo tankou peyizan yo ak fanm yo. Valè sa tradwi nan pwogram sipò devlòpman dirab pou ti antrepriz sosyal ak solidè, pwojè pou pwoteksyon anviwònman, rebwazman, jesyon fatra ak resiklaj, pwoteksyon basen vèsan, ranfòse òganizasyon peyizan yo, mennen dlo pou bwè ak inisyativ nan domèn agrikilti, lapèch ak elvaj. Nan kad pwojè Pak Matisan an, FOKAL ap travay san rete nan katye a pou amelyore kalite lavi a epi ankouraje apwòch sitwayen responsab yo.

 

Nou kwè nan egalite ant fanm ak gason, ak respè pou dwa ak libète fondamantal moun. Depi 1995, FOKAL ap sibvansyone inisyativ pou pwomosyon dwa fanm ak egalite ant fanm ak gason, batay kont inegalite, diskriminasyon ak vyolans sou fanm, aksè a jistis. Valè sa tradwi nan pwogram sipò pou òganizasyon dwa moun yo ak nan aksyon ki fèt nan katye Matisan an.

Nou sipòte batay kont diskriminasyon ki chita sou ras, klas, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl, andikap, sitwayènte. FOKAL sipòte moun, asosyasyon ak enstitisyon ki enplike nan batay kont entolerans ak diskriminasyon. Nou kwè nan respè pou dwa ak libète fondamantal moun jan Konstitisyon an ak Deklarasyon sou Dwa Moun yo garanti sa. Valè sa, nou jwenn li espesyalman nan sibvansyon, piblikasyon, ekspozisyon, fim dokimantè, san konte inisyativ ki konsène yon pi bon konpreyansyon sou relasyon Ayiti ak Dominikani ak pwomosyon yon kilti lapè.

Nou kwè nan pwomosyon deba kritik ak tolerans. Depi 1997, atravè pwogram Inisyativ Jèn li yo, FOKAL ap devlope ladrès jèn yo pou deba ki baze sou valè sivik. Deba pèmèt jèn yo fè egzèsis panse kritik nan adrese avantaj ak dezavantaj yo nan yon konfli, bati yon agiman, ak fè rechèch poukont yo. Yo gen opòtinite pou diskite sou pwoblèm ki afekte lavi yo ak lavi kominote yo nan yon atmosfè toleran ak rasyonèl. Katòz klèb jèn ap aprann panse kritik, kijan pou yo pale epi angajman sivik atravè peyi a.

Nou kwè nan entegrite ak onètete nan relasyon yo ak pratik yo. Entegrite ak onètete se valè FOKAL privilejye nan aksyon l yo ak fonksyòman l. Kalite sa yo, se chak grenn anplwaye ki mete yo an pratik e se yo k ap gide aksyon nou yo. Onètete ak entegrite ede ankouraje yon anviwònman travay pozitif ki ranfòse konfyans nan relasyon nou avèk patnè nou yo, donatè nou yo ak benefisyè nou yo. Administrasyon FOKAL la jwenn anpil demann e l ap travay pou l bay pi bon sèvis posib la.

Nou kwè nan emansipasyon jèn yo. Depi 1997, FOKAL, atravè divès pwogram, ofri jèn an Ayiti yo aktivite ki devlope panse kritik, konesans, antreprenarya, agimantasyon, tolerans ak kreyativite. Depi lè sant kiltirèl la ouvè an 2003, aktivite kiltirèl ak atistik yo te pèmèt jèn yo rankontre atis ayisyen ak etranje ki fè non yo deja, ekspoze travay yo oswa patisipe nan konferans.

Nou kwè nan difizyon bon jan kalite enfòmasyon. Soti 1995 pou rive 2010, FOKAL sibvansyone travay estasyon radyo kominotè toupatou nan peyi a. Pwogram Medya a te kreye an 2010 pou sipòte travay jounalis ak medya ayisyen yo nan pwodiksyon ak difizyon bon jan enfòmasyon ekilibre. Atravè pwogram sa a, FOKAL ankouraje aksè a enfòmasyon ak kominikasyon pou popilasyon yo. FOKAL sipòte fòmasyon jèn fotograf ak videyograf, devlòpman travay dokimantè ak difizyon yo. Bilten ki soti chak semèn, "Nouvèl FOKAL", nan pwogram kominikasyon an ba l posiblite tou pou l Nou kwè nan pouswit byen komen an ak pwomosyon espas piblik la. Tranblemanntè 12 janvye 2010 la te fè Fondasyon an reflechi sou aksyon l ap mennen depi 1995. Travay sou anviwònman an, aksè a enfòmasyon, edikasyon ki gen inovasyon, devlòpman kominotè, aksè a dlo potab atravè yon pwosesis konsiltatif, sipò pou sosyete sivil la ak mond atistik la te vin pis ki pi reyalis pou aplikasyon nouvo pwojè yo. N ap travay pou kreye modèl rekonstriksyon dirab ki gen inovasyon ki konsyan de anviwònman fizik ak imen an, swa atravè chema pou amenaje katye Matisan an, swa atravè pwojè pou sove patrimwàn achitektiral la.

Nou kwè nan aksè a konesans ak enfòmasyon. Depi 1997, FOKAL ap travay pou rann liv ak enfòmasyon aksesib a tout moun, atravè pwogram Bibliyotèk la. Yon ventèn ti bibliyotèk lokal benefisye de sipò finansye, don liv ak sipò teknik. Se gwoup jèn ki jwenn soutyen komniote yo ki pi souvan jere bibliyotèk sa yo. Nou jwenn yo nan katye majinal yo nan kapital la ak nan ti vil pwovens yo. Depi 2012, bibliyotèk mobil "Bibliotaptap" la ap siyonnen lari Pòtoprens, li ofri liv, magazin ak aktivite amizman gratis, sitou pou pi jèn yo.

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.