BMC : Pàj literati

Pou nou kontinye ak yon ribrik nou te komanse nan Bibliothèque Monique Calixte nan lane 2009 la, nou mete nan Newsletter Fokal layon ribrik « Paj literati ». Ribrik sa a ap prezante lektè nou yo  yon otè osinon yon liv literati chak mwa.

Nan premye paj literè sa a nou vle prezante lektè yo yon gwo powèt ayisyen ki te mouri nan mwa novanm 1965 apre li te fin mennen yon vi pèsonèl ki te chaje ak boulvèsman. Nou vle pale de Carl Brouard.

Carl Brouard te fèt nan lane 1902 nan yon fanmi boujwa Pòtoprens. Li pase premye moman lavi l nan Bizoton ak papa li ki te negosyan epi tou manman li ki te yon boujwaz piritèn. Carl Brouard kòmanse lekòl kay Erima Guignard an 1907. Li kontinye apre nan kolèj pè Sent espri kote li pat pase anpil tan anvan li ale Catts Pressoir. Se la tou li fini klas li. Li te gen 16 lane sou tèt li lè blan meriken te debake nan peyi dAyiti an 1915. Carl Brouard se te yon anti konfòmis ki pat dakò ditou ak valè aristokrasi kote li leve a. Li te gen apeprè 20 lane lè li pèdi afeksyon papa li ki pat renmen lavi li tap mennen an. Powèt la tap mennen yon vi tafyatè e li tap frekante milye popilè kote boujwa yo pat abitye desann. Nan menm peryòd la li kòmanse enterese l a tèks Jean Price Mars ; yon otè li te konsidere kòm ekriven ki enfliyanse piplis jenerasyon pa l la.

Brouard apre yon ti tan li pase an France te retounen nan peyi a an 1922. Pita, an 1927 li fè parèt sèl liv pwezi li te pibliye : « Ecris sur du ruban rose ». Se menm ane sa a li pral kolabore ansanm ak Émile Roumer, Normil Sylvain, Jacques Roumain, Antonio Vieux, Philippe Thoby-Marcelin et Daniel Heurtelou nan redaksyon « Revue Indigène ». Li te fè pati an menm tan ekip revi « La Trouée ».

Apre sòti liv « Ainsi parla l’oncle » Jean Price Mars lan, Carl Brouard ta pral devlope yon veritab enterè pou relijyon vodou, sa ki ta pral pouse l inisye tèt li nan relijyon an.

Carl Brouard te vin reskonsab revi « Le petit impartial », yon pòs ki te fè l pran prizon apre yon atik ki atake prezidan Borno li te ekri nan revi a. Carl Brouard te patisipe anpil nan lavi kiltirel peyi a. Li te ekri anpil atik kritik sou plizyè òte tankou Stephen Alexis, Jacques Roumain, Jean Price-mars.

Nan lane 1930, li pran distans li ak ekriven « La Revue Indigène » yo paske li pat dakò ak vizyon maksis yo a. Li te rejwenn gwoup Les Griots ki te gen ladan l Louis Diaquoi, Lorimer Denis ak Francois Duvalier. Carl Brouard te prefere vizyon nasyonalis, nwaris ki tap devlope nan mitan ekriven sa yo, kite makonnen yon lòt kote ak rasin vodou a. Li te wè vodou a kòm fòm ekspresyon otantik kilti pèp aysyen an. Se pou sa li pat manke defann li nan atik li yo. Gen yon fraz selèb li te di ki eksprime konba sa : « Nous remîmes en honneur l’assotor et l’açon. »  

Vè lane 1942, Carl Brouard te kwape pwòp lide li yo sou kilti vodou a, ak orijin afrikèn nou yo. Li pat wè rezon pou li pa ta pale tou de rasin franse li, pou li pa ta gen dwa chante zansèt peyi lafrans yo.

Carl Brouard kontinye ekri men li pat janm sispann bwe alkòl. Tafya tèlman fini ak li, li mouri yon jou mwa novanm 1965 nan lari Pòtoprens. Li te resevwa yon fineray nasyonal.

Pou nou fini nap pwopoze yon tèks Carl Brouard an franse

Vous

Vous,
Les gueux,
les immondes,
les puants :
paysannes qui descendez de nos mornes avec un
gosse dans le ventre,
paysans calleux aux pieds sillonnés de vermines,
putains,
infirmes qui traînez vos puanteurs lourdes de mouches.
Vous
tous de la plèbe,
debout !
pour le grand coup de balai.
Vous êtes les piliers de l’édifice :
ôtez-vous
et tout s’écroule, châteaux de cartes.
Alors, alors,
vous comprendrez que vous êtes une grande vague
qui s’ignore.
Oh! vague,
assemblez-vous,
bouillonnez,
mugissez,
et que sous votre linceul d’écumes,
il ne subsiste plus rien,
rien
que du bien propre
du bien lavé,
du blanchi jusqu’aux os.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com