Matisan, nouvo chanpyon tounwa rejyonal Lwès la

Yon nouvo chanpyon antre nan listwa tounwa rejyonal  pwogram deba FOKAL la samdi 9 me pase a : klèb Matisan soti kòm chanpyon nan twazyèm edisyon tounwa rejyonal Lwès la.  Ekip li a ki te genyen ladan l jwè sa yo : Johanna Joseph, Samuel Cangé ak Neissa Gravil,  te rive mete do ekip Kriswa a atè nan final.  Ekip Kriswa a te genyen jwè sa yo li menm: Christelle Jolicoeur, Lourdya Blaise ak Ludwich Parfait. Match la te fini 3-2 (3 nan 5 jij ki te la yo te vote pou ekip chanpyon an). Ekip Matisan te fè 2 kabès lè youn nan debatè li yo, Samuel CANGÉ ta pral pran tit tout lòt yo ta renmen genyen an ki se pi bon debatè tounwa a.

Nan espas yon lane Klèb Matisan rive fè yon gran monte nan fason li avanse nan palmarès tout 14 klèb rezo a genyen yo, gras ak travay de nan animatris yo ki se Jennyfer Joseph ak Miranda Pierre-Louis. Jennyfer ak Miranda te ranfòse travay yo konsa :kanpay pou chèche lòt moun ki soti nan lekòl yo nan katye a, nan fòmasyon yo toujou bay debatè yo pandan yo envite ansyen debatè yo vin bay nouvo yo kèk teknik, epi nan òganizasyon tounwa deba nan klèb la menm. Yon estrateji ki te fè yo rive nan final nan lane 2014 nan tounwa nasyonal deba a  nan Gonayiv.

Kantite moun ki patisipe nan tounwa sa

24 debatè, 11 fi ak 13 gason te soti nan 8 klèb angaje nan konpetisyon an (Okap, Gwomòn, Santo, Kriswa, BMC, Matisan, Dikini, Kotplaj) te twoke kòn yo pou debat sou de sijè sou eleksyon an Ayiti. Premye a te anonse yon mwa anvan tounwa a : « Patisipasyon anpil pati politik nan eleksyon jeneral lane sa a ap ranfòse demokrasi nan peyi a ». Tandiske, lòt la te rete yon sipriz yo ta pral konnen nan moman konpetisyon an menm, se « Patisipasyon anpil kandida nan eleksyon jeneral lane sa a ap ranfòse lejitimite moun ki eli yo ».  

Sou 23 jij, FOKAL te fòme 11 ladan yo   nan mwa mas pase a pou mennen 17 match nan konpetisyon an. Plis pase 100 jèn te swiv tounwa sa ki te dewoule nèt an kreyòl nan lekòl kongreganis Marie de Christ-Roi. Chak ekip te genyen yon delegasyon fanatik ki suiv yo (anviwon 12 ak 30 pou ekip ki soti nan Kapital la).    

Fi yo se tren kap mennen deba a

Fi debatè yo te parèt ankò kòm tren k ap mennen tounwa rejyonal la. Menmsi yo te piti nan kantite debatè yo (Sa ki pat menm bagay la pou tounwa Gran Sid la nan Leyogàn, sa gen 2 semèn pase), men yo te domine deba . 5 ladan yo sou 6 debatè te rive jwe final la; 4 ladan yo te klase pami premye debatè yo. Yon pèfòmans san parèy ki merite anpil bravo.

Yo te ofri yon final selektif ak anpil kalite pou yon match ki te gen anpil tansyon, ak 2 gayan ekstrawodinè ki se Naissa Gravil (MAR) ak Christelle Jolicoeur (CXR) pou diskou chofe li yo, nan jan li metrize retorik kreyòl la ak agimantasyon l byen. Te genyen tou Lourdya Blaise (CXR) ki te gen bon replik anfas Samuel Cangé (MAR) ki li menm pwofonde anpil nan repons li yo epi ki te moun ki pèmèt ekip li a rive jwenn viktwa,  jan sa te parèt klè.   

Yon lòt jenerasyon debatè

Yon lòt jenerasyon debatè parèt nan tounwa sa. Anpil nouvo debatè nan 8 klèb yo nan konpetisyon an te kòmanse fè premye pa yo nan yon gran konpetisyon FOKAL te òganize. Matisan pat nan konpetisyon sa men li ta pral mennen ankò menm ekip sa ki te patisipe nan tounwa 2014 la. Eksperyans yo ak lespri konpetitif yo ba yo rezilta.

Nouvo debatè sa yo pat sèlman fè gwo eksperyans konpetisyon yo. Menmsi genyen ki abitye debat nan yon tounwa nan klèb yo chak ane), men tou yo te eksperimante deba an kreyòl la. Menmsi anpil ladan yo ap kontinye chèche pozisyone yo, genyen lòt menm ki deja byen alèz. Y ap tann kisa ki pral pase...

Se premye tit klèb sa ki kreye nan lane 2009 nan zòn Matisan genyen.  Viktwa sa merite paskeekip la genyen tout match li yo. Sa ba yo opòtinite ak dwa pou yo goumen pou tit chanpyon tout chanpyon yo pou ane 2015 la, nan 2 konfwontasyon: youn kont klèb Kanperen an, chanpyon tounwa rejyonal 2015 Gran Sid la, lòt la kont ekip ki ap chanpyon nan tounwa nasyonal k ap fèt nan mwa jiyè 2015 la.

Fondasyon an te remèt anpil liv ak debatè yo ki soti nan de ekip finalis yo ak pi bon debatè a nan tounwa rejyonal sa. Patisipan yo (debatè, jij ak piblik la) te reyaji pandan konpetisyon an ak nan finisman an, yo montre yo sipò yo pandan yo bat bravo lakontantman pou deba an kreyòl la. N ap konnen plis bagay toujou nan trètman ak analiz kòmantè nou ranmase ak yon kesyonè ankèt antrenè yo, debatè ak jij yo te ranpli pandan jounen sa.

Kontinye swiv nou... 

Jean-Gérard ANIS

Kowòdonatè Pwogram Inisyativ Jèn yo

FOKAL

SA POU BYEN KONNEN

Pou genyen aksè ak tablo ki afiche rezilta yo, klasman ekip yo, klike sou lyen sa

> http://vaguedufutur.blogspot.com/…/resultats-scores-et-clas…

> Pou genyen aksè ak tablo ki genyen pwen ak klasman debatè yo, klike sou lyen sa 

http://vaguedufutur.blogspot.com/…/tournoi-regional-ouest-r…

> pou genyen aksè ak bilten vòt jij yo pou tout match ki jwe yo, klike sou lyen sa yo : 

Pati 1 : http://vaguedufutur.blogspot.com/…/tournoi-regional-ouest-b…

Pati 2 : http://vaguedufutur.blogspot.com/…/tournoi-regional-ouest-b…

Pati 3 : http://vaguedufutur.blogspot.com/…/tournoi-regional-ouest-b…

Pati 4 : http://vaguedufutur.blogspot.com/…/tournoi-regional-ouest-b…

Final :   http://vaguedufutur.blogspot.com/…/tournoi-regional-ouest-b…

 

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com