Français | English
Share to Facebook Share to Twitter Share to MySpace Share to Google Buzz 
  • Accueil
  • Fokal
  • Centre culturel
  • BMC
  • Axes prioritaires et subventions
    • Reconstruction / Environnement
    • Jeunes, Arts et Éducation
    • Accès à l'information
    • Autres subventions
    • Demande de subvention
  • Nouvèl Fokal
  • Atrium virtuel
  • Rendez-vous
  • Festival 4 chemins
  • Nous contacter

  • Juin, 2013
  • Mai, 2013
  • Avril, 2013
  • Mars, 2013
  • Février, 2013
  • Janvier, 2013
  • Décembre, 2012
  • Novembre, 2012
  • Octobre, 2012
  • Septembre, 2012
ACURIL 2012 ap fèt an AYITI
breves


Ane sa a karann dezyèm konferans Asosyasyon Bibliyotèk Inivesitè, Rechèch ak enstitisyonèl nan Karayib la (ACURIL) ap fèt an Ayiti. Se premye fwa, depi 41 lane egzistans asosyasyon sa, Ayiti gen privilèj akeyi  kongrè sa. Tèm kongrè ane sa se:   « 365 pòt louvri sou revolysyon teknoloji enfòmasyon yo: chanjman  ekonomik, kiltirèl, sosyal ak politik li pote ». Kokennchenn evènman sa ap fèt nan otèl Karibe, nan Petion-ville, sòti 4 rive 8 jen 2012. Se madam Françoise Beaulieu Thybulle ki prezidant kongrè ACURIL 2012 la.


ACURIL se yon asosyasyon ki fonde nan lane 1969. Se te manm yon lòt asosyasyon ki rele UNICA (Asosyasyon inivesite nan Karayib la) ki te lanse lide sa. Nan epòk sa,  asosyasyon sa tap goumen pou tabli yon kolaborasyon sere sere ant Inivesite ak bibliotèk rechèch nan peyi karayib la. Kidonk yo te deside kreye ACURIL pou devlope ak pataje rechèch sou zòn nan, pou defann enterè moun ak enstitisyon kap travay nan domenn rechèch ak enfòmasyon nan espas la.


Manm ACURIL yo se profesyonèl ak enstitisyon tankou bibliyotèk lekòl, bibliyotèk inivèsitè, bibliyotèk piblik, mize, achiv e latriye. An gwo, se yon asosyasyon ki regwoupe aktè nan domenn enfòmasyon dokimantè nan rejyon an.


Kongrè ACURIL yo fèt chak ane, nan mwa me oswa jen, nan yon peyi oswa yon zòn diferan nan espas karayib la. Se youn nan pi gwo aktivite asosyasyon an.  Kongrè sa yo se espas kote pwofesyonèl yo reyini pou reflechi sou sa ki gen rapò ak pwofesyon an. Se moman pou prezante pwoblèm ak solisyon, pataje eksperyans, panse pou lavni. Se okazyon fòmasyon pou pwofesyonèl yo tou.


Envitasyon deja lanse pou pwopozisyon konferans, seminè, ekspozisyon ak atelye nan kongrè a. Gen anpil pou di sou sijè konferans sa. Revolisyon teknoloji enfòmasyon yo pote anpil avantaj ak anpil defi nan pwofesyon an.


Komite lokal ACURIL la ap travay pou fè konferans sa yon bèl reyisit. Pwofesyonèl ayisyen yo ap byen kontan akeyi pwofesyonèl etranje yo. An menm tan, se va yon okazyon pou pèmèt yo dekouvri AYITI, ak enstitisyon kap travay nan ede moun gen aksè a enfòmasyon dokimantè nan peyi a.

Plis enfòmasyon sou kongrè sa disponib sou adrès entènèt sa : http://acuril2012-haiti.blogspot.com/

Vanessa CASSEUS
Pwogram Bibliyotèk
Fokal

< Précédent   Suivant >
 
Copyright © FOKAL 2011. Tous droits réservés.
webdesign: Jean Eder Hilaire
 
143, Avenue Christophe | B.P. 2720, Port-au-Prince, Haïti, W.I. | Phone : (509) 2813-1694, (509) 2510-9814, (509) 2511-3902