Omaj pou Sony Estéus

Lè m aprann nouvèl lanmò an, m pat vle kwè. Komkwa Sony Estéus mouri. Misye ale sanzatann, san l pa gen tan di yon mo. San l pa di pyès moun sa k te nan fon kè l nan moman kote li santi li t ap pran vwal pou peyi san chapo! Gen de nouvèl kifè san w frèt !

M pa kapab sonje ki lè mwen fè konesans Sony, ni ki kote nou rankontre. Men m konnen sa fè lontan. Lontan depi m ap suiv jèn gason sa nan angajman l kòm jounalis ki mete kò l deyò pou l al chache enfòmasyon pi lwen pi fon, pou verite sou peyi an, sou reyalite l, sou konpleksite l, sou kontradiksyon l parèt aklè. “Nouvèl la anba pay” Sony te jwenn li, li te trete l, li te montre san detou revandikasyon ki mare ak dosye ki te mennen l nan chimen sa. 

Sony ale kite nou tout bon vre alòske li te gen senkant lane sèlman, men itinerè lavi misye montre kouman nan tan sa tout kantite travay li te gentan fè. Sony kite bon jan tras nan anpil radyo kote li te anime seyans enfòmasyon ak fòmasyon. M sonje wòl li nan Radyo Ayiti Entè, sibyen lè yo asasinen Jean Dominique li te pran lapawòl nan seremoni fineray ki te fèt nan estad la. Enterè Sony pou kominikasyon popilè ak animasyon sosyal te mennen l nan SAKS (Sosyete animasyon ak kominikasyon sosyal) depi nan kòmansman jistan se li ki vin pran mayèt la kòm Direktè jeneral. Nou pa ka bliye tout travay ak angajman l nan radyo kominotè yo, ak wòl li jwe nan mete lang kreyòl la wòtpòt. Sony te rive Vis-Prezidan AMARC (Asosyasyon mondyal radyo kominotè yo) pou Karayib la.

Sa pa fè lontan, nan ane 2014 la, FOKAL te gen yon pwogram apui pou òganizasyon baz yo nan zòn Nip la kote nou te mande SAKS pou li anime yon seri emisyon pou radyo kominotè yo sou dwa moun, sou wòl sitwayen ak sitwayènn, sou pwoblematik fanm nan sosyete an, sou mizè peyizan yo ap pase nan travay tè ak nan elvaj. Se Sony ki te kreye tout pwogram sa yo pou nou. Menmjan an tou, misye te gen bon jan relasyon ak pwogram medya FOKAL mete sou pye depi kèk lane pou ranfòse kapasite jèn jounalis yo.

Gen anpil pawòl nou ta kapab di toujou sou travay Sony kòm militan angaje pou chanjman sosyal ak politik nan peyi an. N ap swete sèlman pou travay sa pa pèdi, pou angajman misye sèvi kòm egzanp pou jenerasyon k ap vini yo.

M ap voye kondoleyans mwen ansanm ak senpati tout estaf FOKAL la pou tout fanmi Sony, manman l, madanm li, frè l ak sè l yo. N ap salye tou, tout jounalis konsekan yo, tout zanmi Sony yo, kanmarad li yo nan tout espas kote li te travay yo, kote li te milite yo. Nou pap bliye w Sony. 

Michèle D. Pierre-Louis

Prezidan FOKAL

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com