« Vague du futur » : Seminè oryantasyon ak fòmasyon nan Jakmèl

Yon mwa aprè seminè refleksyon nan vil Okay pou jèn nan pwojè « Vague du futur », reskonsab pwogram sa a nan FOKAL, Jean-Gérard Anis, te òganize nan Jakmèl, nan wikenn 2 pou rive 4 jiyè 2010 sa a, yon kokenn chenn seminè pou 28 animatè nan 14 klèb nan peyi a. Animatè yo te sòti nan vil Okap, Gwo Mòn, Fon Parizyen, Dabòn, Jakmèl, Okay, Kan Peren, Jeremi ak nan 6 katye nan Pòtoprens (Kot plaj, Mon Repo, Matisan, Sant vil, Kris Wa, Santo).

Seminè sa a te vize ofri a patisipan yo divès zouti (dokiman, metòd, materyèl) ak nouvèl kapasite (nan deba, nan jestyon, nan sansibilizasyon moun) pou yo kapab pi byen ankadre jèn ki nan klèb pa yo. Yo te fòme yo tou a teknik deba piblik forum ke yo genyen pou yo aprann jèn yo nan kad yon touna deba ki pral fèt nan yon kan dete mwa daout pwochen.

5 pèsonalite te entèveni nan seminè sa pou yo bay animatè yo tout konesans ak konpetans ke yo bezwen pou yo pèmèt yo fè travay yo pi byen ak jèn nan klèb yo. François Démézier, fòmatè nan Dwa ak Demokrasi (D&D) te entèveni sou kòman pou òganize yon kanpay sansibilizasyon. Jean-Marie Pierre, direktè Biwo Aksyon sivik nan Ministè jenès ak spò te pale sou prensip deba ak valè ke l bay jèn yo. Danièle Magloire, direktris D&D, entéveni sou limit, kontradiksyon ak deriv sistèm politik ayisyen an.

Answit Romuald Cauvin, administratè Pwojè Pak Matisan nan FOKAL, te eksplike kòman pou prepare yon bidjè ak yon rapò finansye. Jean-Gérard Anis te pale sou fason pou klèb yo mye fonksyone ak kominike, ak fason pou animatè yo aprann jèn yo deba Piblik Fowòm.

Entèvenan yo te itilize divès metòd tankou ekspoze, atelye de travay, ekzèsis pratik, similasyon, pwojekson video ak distribisyon dokiman ak materyèl travay. Animatè yo te sòti trè satisfè epi motive toujou aprè seminè a, daprè mo felisitasyon ak kontantman ke yo te voye bay reskonsab pwojè a.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com